Bonjou Bonswa
Mesye dam lasyosyete!
Mèsi deske ou vizite manzè fèy la ki pote pou nou vizyon manzè adelayid, senbòl lanmou ki makònnen tout ayisyen youn ak lòt alawonnbadè nan monn lan.
Vizyon sa a te pran rasin yon jou aprè midi ak yon tanperati 17 degre nan lakou New York kote Manzè te pran jenjanm ak kèk moso kanel nan yon bonm. Apresa li te ajoute yon ti lòsyè bazilik epi li te mete 4 branch sitwonèl ladanl. Pou li fini Manzè te koupe yon ti po sitwon mete nan bèl bonm te sa li te fè pou tout kay la .
Ebyen Mesye dam lasosyete
Se depi lè sa a vizyon " Manzè Fèy la " vinn nan tèt li poul komanse voye chèchè tout fèy ki Ayiti pou tout Ayisyen ki paka vwayaje paske Manzè Fèy la konnen desalinn lan danse nan tèt tout ayisyen Natif Nata nenpòt jou nenpòt lè.